top of page
Untitled

PEN PATAT

Patat se yon viv alimantè nou jwenn anpil nan zòn twopikal yo.
Li gen yon pakèt enpòtans pou kò nou. Li pèmèt nou byen dijere manje nou manje yo gras ak fib li gen ladann yo, li gen vitamin C , B6, E ak potasyòm ki ede kè nou ak sistèm iminitè nou pou yo ka byen fonksyone.  Ladann tou nou jwenn  fè ki ap pèmèt nou konbat kont anemi.

Yo itilize patat la nan anpil resèt tankou patat ak lèt, yo konn fri l', boukannen l' tou. Konsa tou yo konn fè pen avè l'.

Jodi a Détente culinaire vle montre nou kijan yo fè pen patat, ki se yon desè nou jwenn nan kizin ayisyèn nan.

Accueil: À propos
Untitled

Engredyan w'ap bezwen

Pou 15 moun

1.- 10 mwayèn patat ( sa ki gen po koulè vyolèt yo pi bon toujou )
2.- Kokoye
3.-  2 oubyen 3 Fig
4.-  3 ze
5.-  Prèske yon ti mamit Sik
6.-  2 bwat lèt evapore yo
7.-  Fwomaj oubyen/ak Bè Maryàn ( osinon Ricamesa )
8.-  Yon boutèy siwo kann ( tankou boutèy plastik 7up yo )
9.-  Grenn miskad, Jenjanm
10.-  Bègamòt, Poud kanèl
11.-  2 ti sachè esans osinon yon ti bidon
12.-  Sel
13.-  Yon ti boutèy Rhum
14.-  Yon bwat rezen sèch

Untitled

Kijan pou w' prepare l' ?

( Patat graje a ki nan foto sa )

Mete rezen yo tranpe nan rhum nan nan yon veso ki kouvri ( li kapab yon tas osinon yon vè).
Kale patat yo, lave yo, graje yo. Graje kokoye yo epi pran ji kokoye a mete l nan yon veso, vide dlo nan rès ma kokoye ki rete a pou w' pran rès ji ki rete a. Kale fig yo, mete yo nan yon veso epi ak yon fouchèt kraze yo byen fen. Kase ze yo epi bat yo, bat bè a ak fwomaj (si se fwomaj sèlman w'ap mete bat li pou kont li ). Melanje ji kokoye a, ze a, fig la, bè ak fwomaj la ak patat graje a. Bwase yo, mete lèt la nan melanj lan. Graje po bègamòt la, jenjanm lan ak 3/4 nan grenn miskad la epi mete yo nan melanj lan, mete sik la, siwo kann nan ak poud kanèl la. Byen melanje yo. Ajoute sèl. 

Untitled

Lòt etap

Lè w' fin fè tout sa ki di deja yo men sa pou ou fè ankò

Byen melanje yo. Goute l' pou w wè si sik ak sèl la bon aprèsa mete melanj lan nan yon veso sou dife. Pase kiyè ladann tanzantan pou l' pa boule. Lè li prèske sèch mete rhum nan ak tout rezen yo ladann. Pase kiyè a pou rezen yo ka gaye kò yo nan pen patat la. Aprèsa tann li fin sèch nèt avan ou retire l' sou dife a. L'ap chanje koulè tou.

Untitled

Kijan pou w' mete l' nan fou?

Ou fini ak pifò nan travay la, kounya ou rete yon dènye bagay pou ou fè

Prepare yon plato, li kapab yon kabare ki fèt an aliminyòm, pase bè oubyen fwomaj ladann, byen bere l'. Aprèsa vide melanj ki kwit la nan plato a epi mete l nan fou a ak 200 degre sèlsiyis. Aprè 45 minit yo retire l'. Pou w' ka konnen si li kwit ou ka fouye yon pwent kouto tab ladann. Si lè ou retire kouto a ou wè pen patat ki rete nan pwent li an sèch (sa vle di li pa dlo ) konnen li kwit.
Tann li kòmanse frèt pou w' manje l'.

BONNE DÉGUSTATION! ☺😊

Untitled

Sa ou dwe konnen

Kèk mezi ki ap ede w'

Pou 2 tas patat graje w'ap bezwen yon tas lèt, yon tas 1/4 ji kokoye ( dlo ou lave ma kokoye a) , yon tas sik. Aprèsa rès engredyan yo ou ka mete kantite w' vle sa pral depann de gou w' men san ou pa egzajere.   
P.S  Pa mete twòp fig. Sa ka rann pen patat ou a lage ( mòl ) lè li fin kwit nan fou a.

Ou pa gen fou nan moman an. Men ou anvi fè pen patat la pa vre? Pa gen pwoblèm.

W'ap kite pen patat la byen kwit, byen seche. Aprèsa w'ap toufe l' pandan li nan menm chodyè a sou dife a.  Pa kite anpil dife anba chodyè a pou pen patat la pa boule. Mete kèk chabon dife sou tèt kouvèti chodyè a tou. Aprè 30 minit yo ou mèt dekouvri l'. Pen patat ou a fin kwit.

Tann li kòmanse frèt avan w' separe li.

Accueil: Services

Lòt atik ki disponib

Untitled

Fè manje, men kijan?

5 teknik ou dwe konnen si w' vle alèz lè w'ap fè manje.

Accueil: Lòt atik ki disponik
bottom of page