top of page
Untitled

Détente Culinaire

Tout ce qui concerne le domaine culinaire nous intéresse.

Détente Culinaire se sent flattée d'offrir ses services à tous ceux qui manifestent l'envie, surtout ceux qui sont des accros de la cuisine. Nous prenons à cœur cette tâche et nous faisons de notre mieux pour vous satisfaire.

Accueil: Bienvenue

Fè manje, men kijan?

5 teknik ou dwe konnen si w' bezwen alèz lè w'ap fè manje

food-3048440__480.jpg

Ann fè yon ti koze sou kizin avan

Mo kizin nan soti nan yon mo laten ki se "coquina" ki vle di "élaboration des mets" konsa tou li vle di "pièce oú cuisiner".
Yo defini kizin tankou yon seri teknik ke nou itilize pou pèmèt nou prepare divès kalite aliman ( tankou fwi, legim, viv alimantè, elatriye) ke n'ap kapab manje aprè.

Si nou byen konsidere definisyon kizin nan nou kapab di li fasil pou yon moun fè manje pa vre? Depi li gen tout engredyan yo. Atansyon! Pa kouri reponn wi ak kesyon sila a.
Paske fè manje se yon "art", gen etap nou dwe swiv si nou vle au top nan preparasyon plizyè kategori plat manje.

Se nan lide sa détente culinaire pote pou ou "5 teknik ou dwe konnen lè w'ap fè manje".
Ou byen enstale pa vre? Ebyen ann gade ansanm ki 5 teknik sa yo.

Untitled

1) Konnen ki manje ou pral fè

Sa se yon bagay ki evidan, avan yon moun al fè yon manje se nòmal pou li konnen ki manje l'ap ye. Pa ekzanp, mw paka ap mete kanèl, esans, sik nan yon chodyè ki sou dife epi se aprè mw pral sonje se yon mayi kole mw t'ap fè. Kanèl, esans ak sik pa gen anyen pou wè ak mayi kole.

d19e92c9952df9a457a579d3b3d9b2d7.jpg

2) Asire ou ke ou byen konnen resèt la

Sa se yon lòt pwen ki enpòtan ankò. Lè w'ap fè yon manje ou dwe konnen tout engredyan ou dwe mete ladann, konnen ki kantite oubyen mezi pou ou mete, kisa pou ou mete avan, kisa pou ou mete aprè. Pa ekzanp, mw paka ap fè yon labouyi epi mw mete lwil ladann. Oubyen mw paka ap kwit yon sachè spageti epi mw kwit li ak  2 glòs lwil.

Tout bagay sa yo montre nou kijan li enpòtan pou nou konnen resèt manje nou pral fè a avan menm nou mete chodyè a sou dife a.

Untitled

3) Verifye si tout engredyan yo la

San engredyan pa gen manje. Si ou vle fè yon manje men ou pa gen bagay pou ou mete ladann se kòmsi w'ap make pa sou plas. Paske lè sa l'ap difisil pou ou jwenn rezilta ou te vle a. Epitou verifye si pa genyen nan engredyan yo ki ekspire avan ou sèvi avèk yo.

Untitled

4) Chwazi materyèl ki ap bon pou sa

Ou vle manje ou a soti byen pa vre? Ebyen itilize bon bagay pou sa. Verifye si dimansyon chodyè a konpatib ak kantite manje ou pral fè a pou w' pa nan cho pi devan.

Untitled

5) Libere lespri w' epi fè sa w'ap fè a ak tout kè w'.

Si w' pran plezi nan sa w'ap fè a, mwen ba w' garanti w'ap bay tout ou menm pou w' byen fè l'. 

Pandan w'ap fè manje a asire w' ke w' tou fè netwayaj. Paske yon bon kwizinye toujou travay nan lapwòpte. Mete bò kote w' yon poubèl ki konfòtab pou w' kapab jete fatra yo. Epi pase yon eponj kote ki sal yo.

Se 5 teknik sa yo détente culinaire te pote pou ou jodi a. Si ou te konn swiv yo deja nou konseye w' kenbe la. Men si w' pat konn fè yo li pa twò ta pou ou sezi okazyon an.



Untitled

5 teknik yo makonnen, youn mache ak lòt

Balon an nan pye w', degaje w' pou ou fè gòl.

Accueil: Services
bottom of page